viernes, 2 de mayo de 2008

Istwa nesans FUSCHARD

Se te yon rèv ki vin chanje nan yon an reyalite. Se te yon gran rèv pou kominote Redentoris presizman Casa de Formación de los Misioneros Redentoristas San Juan Neumann, te rive genyen yon club pastoral Ayisyen. Avèk prezans Chanel Lendz Hériveaux ,seminaris andedan kominote sa, avèk èd e sibjeksyon Horacio Familia ke avèk anpil lanmou te rive an fen konnen yon lòt etap ki te itil anpil, ki te rive konsakre, sa vle bay kò yo ak tout nanm yo, pou te bay yon kòmansman avèk gran rèv sa. Apre 2 mwa yo te rive agwoupe kèk Ayisyen ki se etidyan e ak sekou misyonè redentoris yo.

Nou te rive fè premye rankont nou jou ki te 17 avril 2007, avèk jèn sa yo epi avèk kolaborasyon e prezans Pè Felo, kèk seminaris Ayisyen Diosezen: Fisner Vaillant ak Ulrick Saint-Louis de los carmelitas. Se la nou te rive avèti yo, ke yo manke anpil, e yo dwe konnen 2 peyi sa yo te konnen kèk moman nan konfli e sa kite yon manipilasyon e nan menm bagay sa, ou vin jwenn plis pwoblèm sosyal ekonomik. Se nan kout je sa kominote redentoris la te jije yon nesesite nan chemen’l, pou li enplante pastoral sa, pou ka ede yo, pou bay yon rezilta meyè nan bagay sa.

Avèk tout aspè sa yo nou te rive reyini 2 fwa an plis, kote nou te rive fè jèn sa yo konnen ki enterè yo genyen pou yo bay volante yo nan ede Ayisyen ki pa ni tande, ni wè yo, epi ide pou mete gwoup sa sou pye. Nan yon manyè senbolik ak yon komite ki pwa’l konsidere objektif gwoup sa avèk ide pou bay pi bon rezilta nan tan fiti. Entrese yo te propoze anpil bagay epi nan chwa non gwoup la, nou te genyen plis pase 7 sig, tankou: UJHARRD, URHAD, JHARD AK FUSCHARRD = Fundación Socio-Cultural de los Haitianos Activos Residentes en la Republica Dominicana. Avèk konsèy Padre Tonito li te refere’n kòm pwopozisyon UJHARRD e FUSCHARRD, epi se 2 sig sa yo nou te rive pase nan eleksyon e se menú jou sa nou te rive fè elesyon komite pwovizwa nou an, ki jous ka prezan ap sèvi pou bon fonksyonman FUSCHARD,

Apre tout rankont nou te rive reyalize avèk sipò kominote Santisimo Redendor, ki te mete lokal li dispozisyon, ki te mete minu bus yo a dispozisyon nou nan ale chache e mennen retounen jèn yo lakay yo. Nou te rive pran plis pase 2 mwa pou nou ekri chat, pwojè ak objektif nou yo. Jou ki te 11 Oktòb 2007, Pè Hector M. Garcia Flores CSsR,

Chèf seminè a, te rive ba nou lèt rekonesans, apre yon mwa nou te rive fè inogirasyon nou jou ki te 11 Novam 2007, nan prezans tout komite redentoris la, kominote Jezwit ak diferant manb delege, kominote Caramelitas, Ex-Consul de Ayiti, Mr EdwineParaison

ak anpil lòt antite.

Nou te vin jije wè fòk nou ta genyen yon komite kiltirèl, yon komite disiplinè k’ap anchaje kòm konsèy elektoral tou, ak yon komite reprezantif. Jiska prezan nou genyen tout komite sa yo bèl e byen fòme. Samdi ki te 15 novam 2007 nou te rive chita ak Pè Hector M. Garcia Flores C.Ss.R, ki se responsab kominote Santisimo redentor, nan lide rekonesans nou andedan kominote a. Depi nan mwa janvye nou kòmanse ak pwosesis legalizasyon, men sa te mande fòk nou jwenn anpil konsèy avan nou antre djanm nan pwosesis sa kip a fasil. Nou te rive kontakte kèk pèsonaj tankou Licda Alina Dotel Bello, kote nou te rive reyini ak li pandan 2 fwa, pou te mande’l ki apyi li ka ban nou oswa fè nou jwenn . 2 rankont sa yo se 15 Mars 2008 ak 20 fevriye 2008 kote nou te genyen ex konsil ayiti a Mr. Edwine Paraison kòm envite espesyal nan rankont sa tou, nou te genyen reprezantan nasyon ini a la tou, Mr. Stanley Gué. rankont sa yo te rive dewoule sèlman sou kesyon legalizasyon ak yon modifikasyon ki te fèt nan sig FUSCHARRD= Fundación Universitaria Socio-Cultural de los Haitianos Activos Residentes en la Rep. Dom., kote avan U a pat vle di anyen, e li vle di universitaria. Jou ki te 29 Mas 2008 la, nou te rive rankontre ak Pè Mario Serano, responb sant Bonó a, nan optik pou pote apyi’l, e nou te jwenn rezilta pozitiv, e li te rive modifye FUSCHARD an FUSCHARD= Fundación Universitaria Socio-Cultural des los Haitianos Activos en la Rep. Dominicana. Samdi 12 Avril 2008 la, nou te genyen Lic. Emilio Travieso nan yon gwo taller, kote li te montre e aprann nou kòman pou nou bati pwojè.

Invitasyon nou jwenn deja, kisa nou fè deja? Kòman nou fè yo?

Depi avan inogirasyon’n’te kòmanse ap jwenn envitasyon nan domèn pastoral ak kèk gwo otorite nan legliz la, 16 Septam 2007, nou te envite nan yon rankont URSHA, pastoral santral la te fè. Nou te rive ekzekite yon envitasyon ak Pè Amede, nan domèn pastoral, nan lakou Bani. Nou te rive prezan 16 Desanm 2007 nan lakou San Pedro de Macoris, se te toujou envitasyon Pastoral Santral Ayisyen. Envitasyon nan taller de formasyon sou afè kòman yo bati pwojè, nan sant Bonó. Te rive reponn prezan ak envitasyon pou rankont 18 Mars 2008 nan sant Bonó sou tèm : Trabajo sobre la migración. Te rive reponn prezan nan misyon kominote santisimo redentor te òganize nan moman pak la.

Sa nou fè ? genyen kèk envitasyon nou te jwenn san nou pa te ko dekouvri vrèman, apre yon mwa ke nou te jwenn lèt rekonesans nou bò kote kominote Santisimo Redentor a. Premye bagay nou te fè se inogirasyon nou jou ki te 11 Novam 2007 la. E sa te rive reyalize ak kotizasyon manb yo ki te rive jiska $ RD 30,100.00 e depans nou te pase a $ RD 25,550.00 pou reyalizasyon gran fèt sa.

Dezyèm sa nou fè, se te fè entèvansyon nou nan Borahona, presizman nan batèy Bombita, kote apre Sikòn Nwèl la, nou te rive fè premyeman yon envestigasyon, epi jou ki te 25 novam 2007 la, nou te ale pote sa nou te jwenn, tankou medikaman, rad, bagay pye, lèt, manje kri, ak anpil lòt bagay ankò, nou te ale avèk medien, enfimyè, sa vle di te genyen yon seyans kosiltasyon. Sa te rive posib ak sipò manb FUSCHARD yo ki te pote sa yo kapab, ak sipò an gran nonb kominote Jezwit pa entèmedyè Sè Josie, ak sipò kominote Redentoris la, ak sipò Ex Konsil la, Mr. Edwine Parison, ak sipò asosiyasyon etidyan UASD yo, ki te rive mete bus yo a dispozisyon vwayaj sa, ak sipò reprezantan Nasyon ini pou Ayiti, Mr. Estanley Gué.

Kòm pwojè?

Nou genyen yon pwojè de fòmasyon ki pwa’l Kòmanse nan fen mwa Me 2008 la:

Pwojè sa pwa’l elabore nan 3 faz,

Premyeman, se fè demand ak kèk pèsonèl ki konn domèn dwa imen an byen, nan mwa Me 2008 la

2man, se rive fòme nou sou pwen sa ak envite sa yo, nan debi mwa Jen 2008.

3man, antre danble nan ekzekisyon pwojè sa a, nan mwa Jiyè pou Out 2008.

No hay comentarios: